ESKE W KONNEN TOUT INFOMASYON KWEN KAY YOU NAN MIN ZOT? Atansyon! Atensyon! Ce kanpay la ki komanse! Li louvri pou sa ki kwe grinn aspirin eleksyon-okipasyon kapab gueri malad-la. Li louvri tou pou nou ki pa gin la fwa nan maskarad kap jwe la. Sonje 4 manman rezon sa yo ki fe nou pa nan eleksyon sa yo: 1)Eleksyon, ce ezpresyon you pep ki souvrin. Okipasyon,ce expresyon you pissans etranje sou you pep ki pedi dwa gran mounn li. Ki sans eleksyon gin-yin nan pays ki sou lokipasyon? 2)Eleksyon 2005 yo koute 65 millions dola merikin.Leta ayisyin pa minm depanse you milion.Ki donk,kote lajan sa soti? Nan la kwa rouj? Nan legliz kap fe la charite? Nan fondasyon prive kapfe zev imanite? Lajan sa sorti nan posh aganman? Si ce kob zot,ce eleksyon zot! Le ya poko rive pou gin eleksyon en Haiti. 3)Konstitisyon 87-la, ce you cigaret ki limin nan 2 bout.Pa gin-yin gouvenman serye ki kapab travay avek li. Kelkeswa moun ou ye, ou kondane pou ou echwe anba konstitisyon sa. 4) De 87 a nos jours, ampildola gaspiye nan koze eleksyon.Haiti vini pi mal pired.Min nou pralgaspiye ankor 65 millions dola nan you pays kote pep la pa ka manje. Ce pou tout rezon sa yo fanmi nou, zanmi nou,vwazin nou,lakou nou, legliz nou dwe voye you plot krache sou eleksyon madichon sa yo. An nou rive reve /An nou reve rive / Pou Haiti bouke drive! An nou touye la wont Pou lawont pa touye nou! Sel fos nou, ce pep-la / Sel pep-la, ce fos nou! Aba eleksyon-okipasyon! VIV HAITI! MOUVMAN 5R http://groups.yahoo.com/group/5rgroup/join N.B.! Haitien konsekan, teks sa ce zam delivrans ou. Passe li bay you lot.Fe kopi pou you fre.
|