Haiti Elections Archives 2005

Lèzenglendopolitik yo Bourik la bouke !

 Lèzenglendopolitik Yo Bourik La Bouke !

1/31/06 7:59 PM
bourik la bouke  

Lèzenglendopolitik yo Bourik la bouke !

Aprè mwen fin li kèk kòmantè sou opinyon kèk Ayisyen ki gen aksè ak entènèt sou kèk kakandida tankou René Préval, Charles Henry Baker ….Guy Philippe. Mwen pran resposablite pam kòm sitwayen Ayisyen ki oblije abandone Ayiti paske rebèl Guy Philip tap kòmande yo te kab jounen jodi ya mete en nan vim oudi mwens te ka pat ban mwen chans menm jan pwòp sektè lavalas branch Aristid la pat ban mwen chans tou poum te viv anpè. Ou kapab gen tout pwoblèm ak yon nonm ou gen dwa menm ale lajistis avèl san pou otan ou pa krisifye l ou pa detrwi l ou pa fini l. Guy Philippe se yon Jenn Gason ki komèt anpil erè nan lavi politik li tankou pran lèzam tire sou pwòp polisye frè zam li, boule komisarya, touye lavalas kou inosan pou nou site say o sèlman menmsi lit a nan dwòg elatriye….

Tout sa mwen sòt site la yo pa envansyon e tout dokiman sa yo disponib nan achiv jounalis ak istoryen nasyonal kou entènasyonal. Si pa egzanp Premye minis enkapab la Gérard Latortue pap batize rebel sa yo “freedom Fighter” kivledi konbatan pou libète fleri san dout se Konstitisyon 87 ki ta dwe aplike nan Guy Philippe la ak tout akolit rebel li yo pou Krim de Wot Trayizyon. Or konsèy elektoral pachiman pakoti restavèk ki pral bouyi vide eleksyon telegide tou kwit 7 fevriye 2004 yo pa bay okenn kriminèl ni moun laklamè piblik akize. Mwen pap site moun ki san moral tankou Ivelt Chery kem te respekte yon fwa ni Paul Denis ni Reginald Boulos ni Andre Apaid ni Charles Henri Baker ki san dout nan yon pwosè kont Guy Philippe pou Krim kont konstitisyon an nan pran lèzam pou touye polisye ou pou anvayi Ayiti pa nenpòt ki mwayen paskel granmoun anplis li se ansyen polisye kit e gen depatman sou kòmand li li konn sa li fè ya. Pwobableman se yon erè de jenès oudi mwens yon plan pou fini li men jan yo fin Comisè Coles Rameau. Kidonk mwen pa dakò ak pèsonn ki ap avili yon moun nan fason entènot ki rele tèt li ya DEALER atake diyite yon sitwayen tankou Guy Philippe ou nenpòt lòt ankò. Pibon bagay ou ka fè lè ou vle fè sa lit a bon pou ou vini avèk prèv moun kapab verifye men pa fini ak avni yon moun paske l fè yon bagay jan ou pa ta renmen lan. Mwen kwè men lè Guy Philippe pa nan menm kan avèm paske map mache ak konstitisyon Peyim li o mwen fè yon chwa pou sove Ayiti daprè li men lid we asime responsabilite konstitisyonèl ki gen nan sa.

Aristid tou se premye moun ki krisifye epi monte sou vant manman lwa peyi a gwo midi lè lit e otorize anbago, lè li lisansye zenglendo maske pou theorize menm pwòp patizan pouvwa a nan dènye moman yo….se menm jan an tou Boujwazi bouda chodyè kap fè DEAL kidnapin lòbiyin depi dikdantan an fè krim kont konstitisyon an tou nan vòlò tout sa kit e vin de dwa ak eritye 1503 yo kit e debake nan kwabosal ki fè 29 dawou 1789 ki kondwi sou 1ye Janvye 1804….se yo ki manje Desalines Papa libète ya pou bèl kay bò bidonvil….diri ak poul bò rigòl…..bèl otèl nan mitan bwa jalouzi yon boujwazi salòp epi malpwòp ki kenbe Ayiti tòdye Kel souse zo l pete santi nan avni li….kipizè sanwont malpwòp sa yo jwenn ak kèk lòt ti analfabèt dyòl si tankou Chavannes Jean Baptiste ak Mademoiselle Evans Lescouflair pou monte alyans . Tande Mezanmi ou janm tande Nèg Petyonvil oubyen Nèg Fèmat ou Nèg Anwo jan yo rele tèt yo konn envite peyizan nan fèt lakay yo, ou konn wè Peyizan nègmòm tankoum yo bradsou bradsa avèk ti milatrès Brandt yo, ou konn wè ti malerèz yo konn ap swente anba pwent lè Mevs ou Meuz, Boulos, Apaid, Acra yo ou janm wè yon Berhman ou yon Madsen kap gouye anba bwa Dieudonné, Dieusibon konn al bwè Krèm ala Glas nan SUNAUTO avè yo…elatriye poukisa IPOKRIZI sa pou pouvwa pèp la poukisa yon nan 4 milatrès Baker yo pa marye ak yon pitit Chavannes Jean Baptiste ou byen fè yon ti pa chat ak youn nan Peyizan MPP MPKP….Lescouflair limenm menm lè lip ran vijinite anpil tigason nan pèp la omwen lit e mete w ap yon ti drapo nan men yo epi yo te gen dwa ak konn li pou yo pa kontinye nan pwostitisyon an ankò….Men Chavannes Jean Baptiste fin souse depi se piwili kite gen taba ak nan pale epi li bezwen pase pou bon devan milat. Moun eklere konnen ke

Aristid = Milat = Touye Desalin=Touye Rèv pèp Ayisyen

Genyen yon sèl espwa pou Ayiti se René Préval ki pase tout ezamen pèp la ki sòti loreya. Bay Ayiti yon Chans …..Mesye lèzenglendopolitik !

Bourik la bouke !

[email protected]

[ « Prev | Reply to this message | Next » ]
« Prev | Back to Forum | Next » [ first | Last | List ]
# Subject Author Date/Time
Bourik la bouke! yon ti klarifikasyon Ayisyen Patriyot   1/31/06 8:38 PM
Moun aprann a tout laj bourik la bouke   1/31/06 9:35 PM
Moun aprann a tout laj ( Koreksyon) bourik la bouke   1/31/06 10:05 PM
RE: Moun aprann a tout laj observer keen   1/31/06 10:10 PM

Into Haitian Politics?
Post your comment here

Elections Archives
Haiti 2005 Candidates
Haiti Elections Pictures
Haiti Political Parties
Haiti Elections Forums

 

© 2007 haitielection2005.com