Tande mon che- tout sa-w di yo bon men gen bagay ou pa konnen. Mwen se yon ti neg nwe. Mwen te gen chans konnen Baker. Li pap viv laboul men lan Santo 12 andedan jaden-l. Menm madanm li -se aped kon'n pa vle domi lan mitan jaden-an, li monte al lan gwo kay santo, men misye toujou rete la, antoure a travaye-l yo. Pi fo la dan yo te gen akse andedan kay li lajounen kou lanwit. Bake pa la tete lang a pyes lan boujwa reyaksyone yo. Se te yon gwo pwoblem pou misye le fanmi pal a fanmi madanm li te vle pou-l kite agrikilti pou-l fe izin, li te kenbe la jiskas ke li pat kapab anko le famoza vin femen, li te telman pedi kob lan tomat, li te oblije al ouve yon izin mayami le peyi te two cho, malgra sa li pat ka rete mayami, li tounen ayiti poul ede libere peyil anba aristid paske li di: " mpa ka gen bon peyi sa-a pou map viv a letranje" li tounen li fe izin li poul bay malere travay. Mwen te kon'n fe politik a misye preske chak jou, chak lendi pou nou pale de sa pe titid te di lan dimanch lan sen jan bosko. Se li menm ki ouve jem sou anpil bagay pa dwat milat kon'n ap fe ke li pa dako ave yo. Anpil lan mesye sa yo, lel we yo se lan dan-l konn salye yo. Se sak fe anpil ladan yo pa sipotel- Se sak fe yon neg tankou moura pito sipote maniga o lye Baker. Mwen te deside al plante te lem te fini lekol segonde poum tal ede peyizan laplenn - ba yo travay - se la- m rankontre tyalito - se yon bon gason- pa mele misye a lot boujwa patripoch yo, pa menm a bofrel aped. Ok. ou vle vote preval se dwa-w men pa denigre yon bon gason tankou tyalito- yon nonm ki kwe lan bondye- ki respekte tout moun. Preval se yon bon neg men pwoblem nan se papal aristid a zenglendo-l yo.
|