Haiti Elections Archives 2005

RE: Rene Garcia Preval

Preval te f� kek bon bagay.

Men li te gen twop silans sou relasyon li ak Aristid.

Si bagay yo pa menm jan-an ank� se pou li di sa CLAIREMENT sa ka pote plis chans pou li. Si li pa nan konkoday ak Aristid anko fok li fe konn sa byen vit. Sa ap pote plis chans pou li. Le li te presidan li te dwe gen plis transparans nan pouvwa li a. Moun pat janm fin sur ke si se limenm ou byen Aristid ki t'ap dirije.

M' pase li ka 50 fwa pi bon presidan pase Arisitid.

Men m' gen dout sou li. M' pa ta renmen nan koze lavalas la anko ni anyen ki sanble ak li. M' panse pep Ayisyen an merite observe misye pandan on lot 5 kan anko.

Tout ansyen lavalas sa yo ta dwe eksplike pep la, ba li bon jan prev ke yo demake yo de demagog ki rele Aristid la. M' pa fin f� yo konfyans.

Fok pep la louvri je li sou koze ansyen lavalas sa yo ki swa dizan divize youn ak lot. Paske li gendwa se yon strateji pou youn nan yo monte epi mete tout bagay sou kontwol lavalas anko.

Le m' di pep la, gen moun ki konprann se moun ki rete nan katye popil� yo selman ki pep la. NON, NON! Pep la se tout moun, moun je vet yo kou moun tet grenn tankou m' yo.

M' kite w' la tande.

Reply to: Msg 777
Topic: Rene Preval
Posted by Amoyiz on 12/7/05 3:46 PM

REPLY to Amoyiz , REPLY to topic,
or start a NEW Topic
First | Last | Msg List | Archives

Share this post, e-mail it to a friend

Into Haitian Politics?
Post your comment here

Elections Archives
Haiti 2005 Candidates
Haiti Elections Pictures
Haiti Political Parties
Haiti Elections Forums

 

� 2007 haitielection2005.com