Charlito Se Zanmi Malere

Haiti Elections Archives 2005

  Haitian Music  
  
  
  
  
  
  Haiti Elections Archives 2005  |  Haiti Elections Candidates  |  Haiti Election Pictures  |  Elections & Political Forum  |   | 
 

Comment is about this photo
Click to enlarge

Ayisyen Patriyot 's reply to Msg 36

Charlito Se Zanmi Malere

Charles Henry Baker Alias Chalito
Se yon bon gason ki respekte tout moun
Eksepte vole.
Lan epok mwen tap travay la plen plante tomat pou famosa.

Lan tout agrikilte lan zon nan se li k te peye pi byen.

Tout bon travaye yo se te pou li paske tout moun peye 10 ou 12 goud pa jou, li menm li te peye 15.
Se te lan lane 86-87. E chak ane tout plante tomat fe defisi a koz vye maladi konpetite dominiken tap voye sou tomat ayiti pou elimine konpetisyon famoza yon endistri ayisyen dirije pa la fanmi Mourra (jerry Mourra an patikilye),
Tout pwoblem malere se pou li men depiw vole ou byen mante li voye-w ale.
Li pa sipote moun kap bay manti.

E pi se gason-k gen grenn tou. Li pa pe mounte traktel lan soley la poul laboure te si operate Grevi pat vinn travay.

La pli pa la pli li la sou teren-an. Li te ede nou anpil antan ke yon group jen. Mwen kom yon ti neg nwe ki fek finn lekol segonde, mwen te yon ti jan timid devan gwo palto sa yo, men depi sou premye jou li vini vizite nou le metem alez telman misye koul, mwen te vinn santim egal ego avel e sa te dire pandan 2 lane jiskas kem te deside antre lan inivesite.

Men se yon neg ou ka diskite avel de nenpot ki bagay dako ou pa dako.

Men chak fwal wem lan la ri ou byen a pye se poul kanpe vin banm lanmen a gwo souri gwo chale.
Se yon nonm tout bon. Malerezman ayisyen sanble yo pral vote Preval anko, se byen domaj.

Chalito se tap tout remed peyi-a men ayisyen pa konn sa se pa fot yo.

Reply to: Msg 36
Topic: Charles Henry Baker
Posted on: 1/27/06 9:09 PM

Share this post, e-mail it to a friend

REPLY to Ayisyen Patriyot or
Start a NEW Topic
First | Last | Msg List | Archives

Replies to this post Author Date
Pale Pawol-la Ayisyen Patriot Jan Batis 1/28
Avek Intenet Moun Pa Ka Bafwe Moun Ak Dyol Siret Observer Keen 1/28


Site map     Haitian Events     Haitian Music     Haiti Movies     More »

� 2007 www.haitielection2005.com