mon che le nou gen bon lekol ki enkouraje devlopman intelektyel, ki pap baze sou flate kilti fransez selman, kote nou ap konpetan nan lojik dediktiv ak bel rezonman an kreyol, ti gwoup moun dyol siret sa yo pap ka bay nou manti ki maske ak foli sofistike.
ala makak ou we mezanmi, yon seri de moun ki pa menm kon panse byen ap rele tet yo elit peyi.
mezanmi, se yon insilt ak potensyalite ilimite yon pep, le nou ap rele sibalten ekononomik ak intelektyel ki fe vi yo ap repete volte ak vikto igo nan move konteks, kom elite yon pep ki gen kreyativite pou pwodi tout atis pent sa yo.
elit peyi poko devlope, li pa tan yon revolisyon kiltirel ki pou libere mantalite ayisyen pou li pemet li yon moun integral nan tout zafe egzistansyel li.
mezanmi, mwen di nou, sispan ba moun nana pou sizan!