S� m yo, Fr� m yo,
Pandan pafen souw� ki sot
Ni lakay, ni nan 10e Depatman an
Kontinye anbonmen n isit la,
Minouche av� m rem�sye n ak tout k� n
E swete n yon B�n Ane 2006.
Se s�ten, ou gen b�l r�v pou fanmi w ak pou peyi w.
Anpil nan b�l r�v Ayisyen genyen pou Ayiti,
Kouche sou kabann lopital men yo pa nan m�g.
Se vre, kidnaping 29 fevriye 2004 la klouwe
Manman Ayiti t�t anba sou yon kwa koudeta,
Men, ti souf la pa etenn, e k� a pa nan m�g.
Nan memwa Zanz�t nou yo
Ki bay lavi yo pou Ayiti pa mouri,
Nan memwa tout inosan ki tonbe
Pandan pery�d 2004- 2005 sa a,
Ann vide sew�m delivrans
Sou flanm dife soufrans !
Ann souse mou�l listwa d Ayiti
Pou n vanse pi djanm, pi r�d,
Pou pi devan pi anf�m, pi b�l!
Avan Premye janvye 1804,
Kolon blan te renmen antere
Esklav tou vivan, tou kanpe :
K� yo nan twou, t�t yo ret dey�,
Badijonnen nan siwo cho.
T�t esklav sa yo te tounen piwouli pou
Chyen souse, manje, devore tou vif.
Depi premye janvye 1804,
T�t esklav f� t�t ansanm
Pou p�son pa mache
T�t anba devan p�son.
Lib�te ou lanm�, se v�v� sa a
Zans�t yo te trase pou nou,
Jou Premye Janvye 1804 la.
V�v� lib�te sa a, se yon v�v� Sivilizasyon.
Eee!!! Bouch an bouch, youn di l�t :
Moun sivilize toujou gen Ayiti rekonesans.
Moun sivilize gen anpil resp� pou P�p Ayisyen.
Moun sivilize respekte premye P�p nwa a
Ki premye chante fineray lesklavay.
Moun sivilize pa f� al�ji ak
Jistis, restitisyon, reparasyon.
Depi egzil Tousen Louv�ti,
Pase nan asasina papa Desalin,
Rive sou 34e koudeta sa a,
Toujou gen moun sivilize
Ki refize meprize Ayisyen.
On� Resp� pou nou!
Chapo ba pou ou menm
Ki deja f� anpil sakrifis pou sove
Diyite N�g ak N�g�s d Ayiti!
Ooo !! Ala damou Manman Ayiti damou
Pou tout pitit fi, pitit gason ki refize viv
Ak chenn nan pye, ou ak chenn nan s�vo !
Esklav mantal pa siye ak diyite.
Mikw�b esklavaj se pwazon diyite.
L� Zanz�t nou yo t ap siyen batist� diyite sa a,
Popiplasyon an te anviwon 500.000 Ayisyen.
Jodia, nou gen 8 milyon s� ak fr� lakay
Plis 2 milyon edmi k ap viv l�t b� dlo.
Nou konn kote n soti, nou konn kote n prale.
49 % nan nou sot nan mitan Lafrik, peyi Kongo
26,3 % nan nou sot nan peyi Benen
6,4 % nan nou sot nan peyi Senegal
5 % nan nou sot nan peyi Nijerya
4,5 % nan nou sot nan peyi Syera Ley�n
4,5 % nan nou sot nan peyi Gana
2,6 % nan nou sot nan Sid�s Lafrik ou Mozanbik.
Donk, preske nou tout
Soti menm kote
Pou na l menm kote.
Nou sot nan zantray Lafrik
Pou na l nan zantray
Yon Delivrans Total Kapital.
Direksyon sa a te kl� pou
Yon lavalas Ameriken Nwa
Ki tap toufe nan peyi Etazini
Anba imilyasyon esklavaj.
S�l solisyon pou yo, se te pati
Al viv an Ayiti, nan sous Lib�te a.
Nan ane 1862, te deja genyen
Plis pase 2000 Ameriken nwa
Ki te vin pran refij Lakay,
Donk, nan sous Lib�te a.
L� sa a, pat gen elikopt�
Ki tap lage bonm sou Site Sol�y,
Jan sa te f�t 6 Jiy� 2005 la.
L� sa a, pat gen yon Site Sol�y
F�men nan kan konsantrasyon
Pou gro zam lag� devore, dech�piye,
Pandan kochon ap manje kadav inosan.
L� sa a, pat gen kolon pou vide dife lanm� sou
Bel�, Solino,Lasalin, Matisan, Gran Ravin, Kafou,
Taba, Laplenn, Delma, Petyonvil, Kensk�f,
Nan katye popil� Okap k�m Okay,
Jeremi k�m Gonayiv, Ench k�m Jakm�l,
P�dep� k�m Miragwan, Sen Mak k�m Tigwav,
Anbalavil P�toprens, k�m nan tout pwovens.
Paj trajedi sa a montre akl� sa nou te deja konnen.
Kidonk, ni nouvo kolon ni esklav mantal
Pa janm konsidere peyizan k�m moun.
Konsa pou yo menm, lavalas p�v, peyizan,
Malere, analfab�t pa moun tankou tout moun.
Devan miray apatey la, konplo a byen mare
Pou anpeche lavalas P�p Ayisyen an
Patisipe nan eleksyon lib, on�t e demokratik.
Men, se byen konte mal kalkile
Paske Analfab�t pa b�t.
Menm si jodia gen 10 fwa plis
Ensekirite kidnaping, lavich�, grangou,
Miz� malouk kou miz� miz�rere,
P�p la ap soufri, li pa ti soufri.
P�p ent�lijan pa retire trip mete pay.
P�p je kale pa retire trip mete pay.
P�p save pa pran lalin seleksyon
Pou fwomay eleksyon.
Liberasyon P� Jan Juste, S� Ann,
Premye Minis Yvon Neptune,
Minis Jocelerme Privert,
Ak tout l�t prizonye politik yo,
Se yon revandikasyon jis
Ki koule nan beton lalwa.
L� inosan ap seche nan prizon
Pandan asasen krimin�l
Ap banbile libelib�,
Sa rele krim sou krim.
Demenm, se mete krim sou krim, sou krim,
L� Ayiti klouwe t�t anba sou yon kwa koudeta,
Pandan defakto ap benyen nan ilegalite
Ak koripsyon jis nan kou rive nan zor�y.
Gr�s koripsyon sa a resi f�
Z�r�y pi long pase t�t.
Wi, f� n redi l:
Gr�s koripsyon sa a resi f�
Z�r�y pi long pase t�t.
Poutan, Lib�te moun, se yon dwa ki sakre.
Konstitisyon Peyi a bay tout moun
Ki nan mawon ou nan egzil dwa
Pou retounen viv nan lib�te ak lap�.
Lib�te ak lap�, se grenn je ak kalalou je.
Dapre filozofi gran paran Afriken nou yo,
Lap� ak lib�te se pase pranm ma pase ch�che w.
Se pou sa filoz�f lap� yo di nan lang zoulou :
BAXOLELA UKULWA KUNOBUGQILI.
Sa vle di :
� Pase pou Zans�t yo ret esklav,
Yo pito f� lap� antre yo
Pou goumen kont esklavaj �.
Nou menm tou, patizan lap�
Ki refize viv san diyite,
F� n toujou sonje :
Yon Lavalas se yon Patriy�t,
Yon bon Lavalas se yon bon Patriy�t,
Lavalas se l�Union fait la force!
Si avantaj k�k se nan zepon l,
Avantaj P�p ent�lijan, se nan
Mobilizasyon manch long pou
Desitire koudeta pasifikman.
Lawouze koudeta f� banda
Tout tan sol�y retou a poko leve.
Erezman, je sol�y la louvri
E ni k� n, ni bra n toujou louvri
Pou n w� fasafas, Lakay.
Se va yon b�l f�t lanmou
Pou anfen, Ayiti viv an p�.
Nan menm chal� renmen sa a,
Minouche av� m anbrase nou tout
E swete n:
UNYAKA OMUHLE !
S�tadi : BON ANE!
UNYAKA OMUHLE !
BON ANE !
Pretoria, Desann 2005
SITE JEAN-BERTRAND ARISTIDE
hayti.net/
Posted by Lelo on 12/26/05 9:46 PM
REPLY to Lelo
,
REPLY to topic,
or start NEW Topic
This is a reply to
Msg 1321 regarding topic:
Rene Preval