Haiti Elections Archives 2005

RE: Charles Henry Baker

sa se yon'n, men yon lot kote jou ta geyen yon pwoblem tout bon vre ak panyol ou pa panse set milyon sivil ak roch kont' yon lame ki kapab atake'w men'm an le, mwens fe sans ke yon pep ki gen bakop yon lame motive, pou ale nan batay ? paske fo'm di nou ke veritab nati pep ayisyen se konbatan ; nati yo eseye retire lakay-nou nan ale dezame kako, kontinye net al kole jouk nan vini elimine lame pou premye fwa nan listwa nou ; espo yo te dwe apran'n tomoun plis nan lekol nou yo se goumen nan karate, espo ak epe, tire tou ! nou te dwe ap mennen nan konpetisyon sa yo lo gen gwo levelman espotif ; ou pwal di lame pa te jan'm fe anyen pou nou map repon'n kraze-li plis mete nou nan mera, epi le moun ap pale de lame li kle se pa de ekip Gifilip, Rebi, Abraram, Avril nap pale, men yon lame nen-nan-figi ; yon lame ak sevis milite obligatwa, le sa-a ou konen mwen kon'n manyen zam men'm jan ak ou, ou papwal panike'm sou baz' vyiolans ou ta ka fe'm ; yon lame ak anpil envestisman sou sekte reskonsab veye frontye ak lanme nou-yo ; yon lame olye nou ta voye tikrik tikrak nan nasyon zini (gade jan yap grennen isit' an Ayiti), oswa an Nirak, nou tap sevi pou kantite pye bwa peyi-an pase soti nan de pou san nou ye jodi-a, pou rive apre yon lane a senk pou san, epi kontilye konsa ...

antouka mon frere, reflechi sou sa ; mwen we ou gen bon lide pou peyi-a ...

mwen felisite'w tou pou jaret' wap bay kandida Baker, mwen we se li ki gen plis moun ki ekri nan chapit-li e se wou ki pami sa ki ekri plis pou mouche ; mwen te vle vote pou li tou men mwen panse men'm le kandida mwen vle-a pa pi byen plase ke Baker, map apiye-li kanmen'm : se yon eleksyon tout' moun gen chans-li
mwen swete'w bon'n chans ak Baker, swete'm bon'n chans ak Manigat ; nou se ayisyen nou paka fache pou rezon sila-yo (koze kandida) alos ke panyol ap maltrete fre-nou akote-a lot bo frontye !
kenbe-la, mon frere.

Reply to: Msg 1058
Topic: Charles Henry Baker
Posted by L. J. Beauge on 12/14/05 2:00 AM

REPLY to L. J. Beauge , REPLY to topic,
or start a NEW Topic
First | Last | Msg List | Archives

Share this post, e-mail it to a friend

Into Haitian Politics?
Post your comment here

Elections Archives
Haiti 2005 Candidates
Haiti Elections Pictures
Haiti Political Parties
Haiti Elections Forums

 

� 2007 www.haitielection2005.com